MDCLogo

FAQ

K:   Eske  Pwojè ACE se yon pwogram  MDC?
K:   Kisa ACE vle di?
K:   Eske klas Pwojè ACE yo se klas ak kredi akademik?
K:   Nan ki campis nou ka jwenn klas "ACE"?
K:   Ki moun ki ka ban m 'pi plis enfòmasyon sou kanpis sa yo?
K:   Eske leta (Fafsa) peye pou pwogram sa a?
K:   E si mwen p'ap ka jwenn okenn èd finansyè?
K:   Kouman mwen ka fè poum fè pati nan pwogram sa a?
K:   Eske elèv entènasyonal yo kapab patisipe nan Pwojè ACE?
K:   Ki jan de etidyan ki nan Pwojè ACE?
K:   Èske mwen ka fè pati de Pwojè ACE si mwen nan diferan nivo klas angle?
K:   Eske pwojè ACE se yon bon pwogram pou mwen?
K:   Konbyen tan mwen dwe pase pou m etidye pou kont mwen si mwen se yon etidyan nan Pwojè ACE?
K:   Ki klas mwen ap pran nan Pwoje ACE?
K:   Ki kou inivèsite ke mwen ap pran?
K:   Konbyen klas Pwojè ACE yo koute pou yon semès?
K:   Eske ke Pwojè ACE peye plis oswa mwens  chè ke klas regilye EAP yo?

 

K: Eske  Pwojè ACE se yon pwogram  MDC?
R: Wi, Pwojè ACE se yon pwogram lang angle ak objektif akademik (EAP) nan MDC. Yo rele klas EAP yo klas angle ak kredi; Kidonk, klas anglè nan Pwojè ACE yo , se klas angle ak kredi tou.

K: Kisa ACE vle di?
R: ACE vle di "Accelerated Content-based English".ACE se yon pwogram  angle entansif (Accelerated)  ki baze sou kontni. Pwogram entansif  la konbine de nivo klas angle akademik  nan yon sèl semès. Baze sou kontni "Content-based" signify   ke klas Pwojè ACE itilize kontni enfomasyon e konesans sa ki nan pwogram edikasyon jeneral MDC pou anseye angle.

K: Eske klas Pwojè ACE yo se klas ak kredi akademik?
R: Wi, tankou li mansyone, ou kapab jwenn kredi akademik pou klas Pwojè ACE yo . An plis, piske ou pral pran youn oswa de klas edikasyon jeneral ki gen rapo ak inivesite, ansanm  avèk kou angle EAP,wap tou jwenn kredi pou kou sa yo tou.

K: Nan ki campis nou ka jwenn klas "ACE"?
R: Pwojè ACE se yon pwogram ki louvri pou tout kolèj. Klas "ACE" yo kounye disponib nan de kanpis: Padrón e Wolfson Campus.

K: Ki moun ki ka ban m 'pi plis enfòmasyon sou kanpis sa yo?
R: Ale nan depatman "EAP" nan Padrón ou byen Wolfson Campus, oswa ou ka ekri  Pwoje ACE nan projectace@mdc.edu oswa rele nan 305 237 6421.

K: Eske leta (Fafsa) peye pou pwogram sa a?
R: Wi, paske gouvenman peye pou klas kredi yo, lap peye pou klas sa yo tou.

K: E si mwen p'ap ka jwenn okenn èd finansyè?
R: Miami Dade College  gen lòt mwayen pou ede w peye pou etid ou. Ale oswa rele biwo finans nan kanpis MDC wap pran klas, oswa tcheke enfòmasyon sou sit entenet MDC.

K: Kouman mwen ka fè poum fè pati nan pwogram sa a?
R: Mande fòm aplikasyon Pwojè ACE nan projectace@mdc.edu oswa ale sou sit sa http://www.mdc.edu/padron/esl/ace

K: Eske elèv entènasyonal yo kapab patisipe nan Pwojè ACE?
R: Wi, men ale anvan nan biwo elèv entènasyonal sou kanpis ou a. Si ou vle vin yon nouvo elèv entènasyonal, ale sou sit https://www.mdc.edu/internationalstudents/

K: Ki jan de etidyan ki nan Pwojè ACE?
R: Etidyan nan Pwojè ACE yo se moun disipline ki  vle aprann lang angle pou avanse nan karyè pwofesyonèl yo, oswa kontinye fè plis etid nan peyi Etazini.

K: Èske mwen ka fè pati de Pwojè ACE si mwen nan diferan nivo klas angle?
R: Wi, men  konnen ke chak moun se yon ka diferan. Voye aplikasyon w  pou évalué nan Pwojè ACE.

K: Eske pwojè ACE se yon bon pwogram pou mwen?
R: Wi, si ou se yon moun ki aksepte yon defi akademik, ak si ou kapab mete tan pou etidye lakay ou.

K: Konbyen tan mwen dwe pase pou m etidye pou kont mwen si mwen se yon etidyan nan Pwojè ACE?
R: Ou ta dwe mete apeprè de zèdtan chak jou pou  etidye lakay ou. Sonje ke ACE se yon pwogram entansif.

K: Ki klas mwen ap pran nan Pwoje ACE?
R: Pwojè ACE ba ou chans pou  konplete klas EAP ansanm ak kou kolèj.

K: Ki kou inivèsite ke mwen ap pran?
R: ACE nivo entèmedyè 3-4 pèmèt ou pran CGS1060 ki se yon klas Entwodiksyon nan mikwo-Computer. ACE nivo avanse 5-6 pèmèt ou pran CLP1006 ki se yon klas Sikoloji , ak LIS2004 ki se yon klas Entwodiksyon nan rechèch sou Entènèt.

K: Konbyen klas Pwojè ACE yo koute pou yon semès?
R: Total kredi pou nivo entèmedyè 3-4 se 16 kredi. Total kredi pou nivo avanse 5-6 se 16 kredi tou.

K: Eske ke Pwojè ACE peye plis oswa mwens  chè ke klas regilye EAP yo? (Gade tablo anba  pou kafe  konparezon.)
R:

kfchart

NB-Wap peye pa kantite kredi.

 

 

 

 

 

 

 



  • sfaq
  • ffaq
  • kfaq

 

 

 

Miami Dade College is an equal access/equal opportunity institution and does not discriminate on the basis of gender, race, color, marital status, age, religion, national origin,
disability, veteran’s status, sexual orientation, or genetic information. Contact the Office of Equal Opportunity Programs/ADA Coordinator, at 305.237.2577 for information.