Refugee/Entrant Vocational Education Services Training (REVEST) Program

ÈSKE OU SE YON REFIJYE, "ENTRANT", EGZILE OUBYEN YON AMERAZYEN K AP VIV PANDAN SENK AN POU PITI NAN ETAZINI?
To First Page
Go Back to Miami-Dade College
REVEST Page in Creole
Pwogram R/E.V.E.S.T. ap ofri klas Anglè ak kou vokasyonèl gratis ti cheri pou tout moun ki kalifye nan pwogram sa a. Si ou enterese, ou kapab vini patisipe nan youn nan sesyon n ap bay yo. Voye je ou anba a pou wè kidat ak kilè y ap fèt. Sesyon yo ap dire 3 zèd tan. W ap genyen pou ou pran yon tès Anglè ki se yon pati nan sesyon an. Pou w pran tès sa a, w ap genyen pou pote kèk dokiman pou yo kapab wè si ou elijib nan pwogram nan.Men dokiman n ap bezwen nan men w:
  • Kat Sosyal Sekirite ou
  • I-94 (Parole) oubyen Kat rezidans ou
  • Yon kat idantifkasyon avèk foto
Se sèl aplikan ki elijib yo ki gen dwa patisipe nan sesyon oryantasyon yo ak tès yo. Sessyon sa yo ap fèt nan sal #1261, ki nan dezyèm etaj, bildin 1, Oditoryom Wolfson Campus.
Tout dokiman sa yo fèt pou yo orijinal. Pa vini avèk fotokopi

Fóm Enfómasyon Pwogram R/EVEST


Pou ou elijib nan pwogram sa a, ou dwe genyen pipiti ke sink an 5 isit nan Etazini.
Sesyon Oryantasyon
Pou jwenn plis enfómasyon sou sesyon sa yo, tanpri pase wè nou nan sal #1164, Bildin #1, Miami-Dade Community College-Wolfson Campus. 300 N.E. 2ND AVE, Miami, Florida 33132